AYITI/POLITIK: MOISE JEAN CHARLES GAYE WONN NAN YON LÒT FWA.

Lidè pitit Dessalines nan Moïse Jean Charles pa mete dlo nan bouch li pou rele anmwey kotel denonse yon boujwa ak yon senatè ke li kalifye de tout non kap pran woulib sou mouvman lari kap mande pou prezidan repiblik la Jovenel Moise pou kite pouvwa a.

Selon ansyen senatè nò a ki tap reyaji sou radio tèt a tèt nan vil Senmak moun sa yo pa ta dwe ap pale nan figi moun e fò konsa paske moun sa yo se koken yo ye e yo pa gen okenn vizyon, selon senatè a boujwa sa bay yon milyonn dola ak plizyè lidè politik nan opozisyon an pou vòlè mouvman an, lidè pitit Dessalines nan di pèp la pa pran lajan nan men moun sa yo pou fè manifestasyon apre pou yo pa di se yo ki te mèt mouvman an.

Moise Jean Charles fè konnen menm li menm li pa pote boure el kontan paske li wè popilasyon an pran desten yo an men, li di yo kale je yo ak bann fo lidè sa yo kap goumen pou pouvwa ak enterè pèsonèl yo sou do ti pèp la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …