AYITI/ENSEKIRITE: YON AJAN SEKIRITE ANSYEN KOMISÈ POTOPRENS LAN TONBE ANBA BAL.

Yon ajan sekirite pakè Potoprens e ki te detache ak ansyen komisè Pòtoprens lan Paul Eronce Villard ki te fè yon kraze kite sa 26 septanm 2019 la tonbe anba bal bandi moun pa konnen lakay li vandredi 27 septanm 2019 la.

Waslin Saint-Fleur se non ajan sekirite a ki te afekte ak Mèt Paul Eronce Villard ki tonbe anba bal zagoloray vandredi pase a, selon enfo nou rive jwenn zagoloray yo ki komèt krim sa pat gen okenn difikilte pou retounen kote yo soti a.

Nap raple Paul Eronce Villard te remèt demisyon li 26 septanm 2019 la, minis jistis la ak sekirite piblik la ranplase li pa Enel Torchon.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …