Souvan notyon dwa penal sa yo toujou mete anpil moun nan konfizyon. Nou utilize youn pou lòt, epoutan chak gen Sans pa yo.
KISA KI YON OMISID?
Yon omisid se lefè ke yon individi touye yon moun.
OMISID VOLONTÈ
Se lè individi a touye yon moun ak pwòp volontew.
OMISID ENVOLONTÈ
Se lè endividi a touye yon moun san volontel, san konsantmanl, nan pafè Atansyon, oubyen nan maladrès.
ANSASINAY
Se yon omisid volontè , planifye oubyen akonpaye ak gètapan. Ansasinay la pi grav ke omisid volontè a paskel li fèt ak yon sikonstans agravant (premeditasyon an).
KI PÈN LALWA PREVWA POU YO?
Daprè atik 247 kòd penal ayisyen an tout koupab ansasinay ap sibi pèn travay fòse pou Lavi.
Omisid volontè pasib de 30 lane prison.
Ridore Steeve.
ridoresteeve@Gmail.com