AYITI/PNH: PLIZYÈ BANDI PWOFITE DE MANIFESTASYON YO POU REGLE AFÈ YO.

Polis nasyonal peyi Dayiti denonse plizyè gwo bandi ki itilize manifestasyon kap fèt tribò pa bò nan peyi a pou mande prezidan repiblik la Jovenel Moïse pou kite pouvwa a pou kreye latwoublay el al chache libere frè dam yo ke lapolis mete anba kòd.

Selon lapolis bandi sa yo antre nan manifestasyon yo ak gwo zam nan men yo pwofite atake komisarya ak tribinal yo pou kapab libere bandi parèy epi detwi tout prèv ki genyen kont kont yo.

Nap raple gen plizyè komisarya ak tribinal nan peyi a ki gentan sibi anpil gwo domaj anba men manifestan yo san konte plizyè biznis prive ki kraze piye.

Lapolis mande ak lidè manifestasyon yo pou kolabore ak fòs de lòd yo yon fason pou mete bandi sa yo ki trè danje anba kòd.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …