AYITI/SOMÈ NASYONZINI: REPREZANTAN PEYI DAYITI NAN 74ÈM ASANBLE JENERAL NASYONZINI AN MANDE YON SIPÒ POU RETIRE PEYI A NAN LAMIZÈ.

Minis ayisyen afe etranje a Bocchit Edmond, apre li te fin pran lapawol sou tribin Nasyon zini an jou ki te samdi 28 sektanm lan li te chita pale ak minis afe etranje nan peyi Kiba Bruno Rodriguez sou divès pwoblèm peyi Dayiti ap travèse.

Nan diskisyon sa, yo t’ap pale sou ranfòsman kouperasyon ant de (2) peyi sa yo, kote yo mete aksan sou lasante, edikasyon ki se de (2) gwo priyorite pou peyi l, sektè pèch la, resous dlo ak konstriksyon baraj.

Nan moman Minis afè etranje kiben an Bruno Rodriguez te monte sou tribin Nasyonzini an montre solidarite l ak tout lòt peyi ki nan karayib la kote li mande yon reparasyon pou tout peyi ki t’ap viv nan esklavaj la pou pemèt yo jwenn bon jan tretman ak reparasyon.

Bocchit Edmond Minis Afè Etranje Ayisyen an sou bò pa li montre li enpotan pou peyi ki fè pati Nasyonzini yo pou pote kole ak peyi Dayiti k’ap fè fas ak tout kalite pwoblèm pep ayisyen ap viv jounen jodia.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …