AYITI/ENSEKIRITE: NÈG AK ZAM AP FÈ LA LWA NAN MANIFESTASYON YO.

Ayè madi 1e oktòb 2019 la plizyè moun viktim nan zòn Kafou awopò, Delma 40, kafou Samida, Nazon pou site zòn sa yo anba yon gwoup nèg ak zam kouto epi kagoule ki pran plezi fouye moun kap pase, moto ak machin yo jwenn sou wout yo.

Gwoup bandi sa yo ki te pretann yap manifeste kont prezidan repiblik la pote ale telefòn bous ak tout sa yo te jwenn nan men moun kap pase e menm moun ki tap manifeste ansanm avèk yo pat epanye.

Selon enfo nou rive jwenn de viktim yo, bandi sa yo ta soti nan komin Site Solèy e yo plis ke yon dizèn yo tout gen valiz nan do yo, misyon yo se kraze piye epi mete dife nan tout sa yo jwenn sou wout yo, yo antre nan manifestasyon an pou twouble vijilans lapolis ak popilasyon an.

Nap raple lapolis te denonse yon seri de moun ki pwofite de manifestasyon yo pou regle zafè yo nan atake komisarya ak tribinal pou libere patizan yo.

 

Kredi foto: LOOPNEWS.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …