Nan yon sikilè ki soti 1e oktòb 2019 la direktè jeneral pou yon ti bout tan ministè enteryè ak kolektivite tèritoryal la Amos Zephirin poze premye aksyon li, li anile tout badj ministè a soti nan ti pèsonèl pou rive nan gwo palto yo.
Desizyon sila jwenn sipò minis pou ti bout tan ministè a Pierre Josué Agenor Cadet, nòt la mande pou tout moun kap travay nan enstitisyon an delege, vis delege depatmantal yo, eli lokal yo, chaje misyon yo ak ajan lyezon yo pou pase remèt badj yo nan direksyon resou zimèn ministè a.