ESPÒ/FOUTBÒL: GADYEN AN MENM TAN KAPITÈN SELEKSYON NASYONAL LA JHONY PLACIDE SIYEN NAN YON KLÈB NAN PEYI BILGARI.

Gadyen ekip nasyonal peyi Dayiti a Jhony Placide siyen yon kontra de (2) lane ak klèb Tsarsko Selo Sofia nan peyi Bilgari jedi 3 oktòb 2019 la.

Tsarsko Selo Sofia se yon klèb premye divizyon ki twouve li nan onzyèm plas la nan chanpyona nasyonal peyi Bilgari ak 9 pwen pou 11 jounen ki gentan jwe. Klèb sa kreye 1e jiyè 2015 li genyon stad ki rele
Complexe Tsarsko Selo ki gen de mil (2 000) plas, antrenè yo se Nikola Spaso, Stoyne Manolove se prezidan klèb sila ki gen koulè wouj e blan.

Nap raple Jhony Placide ki se gadyen an menm tan seleksyon nasyonal foutbòl la pase plis pase yon lane depil pat jwe nan klèb. Denyè match kapitèn seleksyon nasyonal la nan yon klèb sete 5 me 2018.

 

Kredi foto: HPN

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …