KARAVAN CHANJMAN AN RIVE NAN DEPATMAN LWES LA.

Direktris depatman lwès MTPTC a Yanik Thédore deklare jou ki te mèkredi 11 avril 2018 la nan yon konferans pou la près ke karavann chanjman an kòmanse deja nan depatman lwès la.

Li kòmanse sou 20 komin yo, men se sou 11 yo deja ap travay.

11 komin sa yo ki se : akayè, leyogann, kwadèboukè, taba, kenskòf, kòniyon, site solèy epi kafou. Yap gen pou rive sou 9 rès komin yo paske yo paka fè tout anmenm tan .

Nan kòniyon yo kòmanse fè elajisman wout lan , yo ap fè repwofilaj chose a ak terasman. Direktris depatman lwès MTPTC an di ke moun yo gen mwens aksidan sou wout kòniyon an kounya.

Akayè yap fè refleksyon chose nan ri ki rele jerizalèm nan, yo gentan fè kanivo, yo kòmanse fè terasman an.

Nan taba yo fè elajisman wout klèsin, kwadèboukè, yap travay nan latran tranblè 12 yon wout ki rele wout tib.

Nan kenskòf yap travay fisi , yap fè reyabilitasyon chose an adoken.

Nan leyogann yap travay nan wout dabònn, nan wout melye.

Direktris depatman wès MTPTC a di gen lòt wout adisyonèl yap fè tou kel pap site.

Dèlma 33 yap travay ti plas kazo site 1,2,3.

Yap travay nan ri annlore toujou nan dèlma 33 epi dèlma 65 pwolonje.

Nan tomazo yo kòmanse apati kafou RN3, yap rantre sou anndan tomazo pou ale nan kòniyon, yap fè reyabilitasyon chose an beton bitimile.

Pou direktris depatman wès MTPTC a Yanik Théodore kòniyon se yon gwo moso men yo deja kòmanse fè gwo travay ladanl

 

Lisa Ridoré: Lisa Ridoré

Lisa Ridoré: ridorelisa10@Gmail.com

Lisa Ridoré: (+509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …