AYITI/SANTE: SÈVIS IJANS AK MATÈNITE LOPITAL JENERAL OKAY LA REKÒMANSE TRAVAY.

Aprè plizyè moun te fin rantre, piye, epi vyole yon granmoun nan lopital okay la ki se pi gwo sant sante kap bay swen nan 3èm vil peyi a, li rekòmanse travay, selon sa direktè lopital la Jean Bernard Février fè konnen ayè jedi 3 oktob la.

Nan yon konferans li bay pou laprès jounen jedi a, doktè Bernard fè konnen li deja chita ak direktè depatmantal lapolis la pou bay sekirite a tout pasyan kap vin chache swen nan lopital la.

Pilwen li fè konnen PNH deja louvri yon ankèt pou jwenn moun kite anvayi lopital la nan lanwit premye(1e) pou louvri 2 oktòb 2019 pase a.

Yon lòt bò, direktè lopital la di pi gwo pwoblèm lopital la ap konfwonte se gaz. « Estòk gaz nou te genyen an fini deja » pawòl doktè Février.

Fòk nou di, sa gen plis pase yon mwa vil Okay menm jan ak anpil lòt zòn nan peyi a, ap konnen yon pakèt pwoblèm tankou gaz, dlo, kouran elatriye.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …