SENDOMENG/DYALÒG: CHÈF KONSÈY SEKIRITE NASYONZINI AN, REPIBLIK DOMINIKÈN PRAN YON DESIZYON POU PALE AVÈK OPOZISYON AN.

Responsab konsèy sekirite Nasyonzini an, repiblik Dominikèn mande yon reyinyon prese prese pou kapab pale avèk opozisyon an sou kriz sosyo-ekonomik ak politik peyi Dayiti ap travèse a.

Otorite Dominikèn yo swete opozisyon an aksepte dyaloge avèk gouvènman an pou sòti nan kriz konplike Ayiti ap travèse a, sa ki gen gwo konsekans sou peyi pa yo.

Nap raple otorite Dominikèn yo te deja deplwaye yon kantite sòlda sou fwontyè li menm avèk peyi Dayiti ki pi plis ke jan sa konn ye avan, yo pwofite de manda yo genyen nan Nasyonzini pou kenbe sekirite nan rejyon an pou pa twouble ekonomi lakay yo.

Anplis yo fè konnen kriz la pa bon pou yo paske li andikape komès yo avèk Ayiti sa ki deranje tou 2 peyi yo, Otorite Dominikèn yo fè konnen y’ap sipòte prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE paske li gen yon manda ki lejitim pèp Ayisyen an ba li.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …