AYITI/POLITIK: MÈT ANDRE MICHEL VOYE JETE DEKLARASYON GABRIEL FORTUNÉ FÈ AYÈ MATEN SOU RADYO KARAYIB FM

Nan entèrasyon mèt André Michel te gen nan lannwit vandredi 4 oktob 2019 la sou antèn radyo karayib fm fè konnen pati sektè demokratik ak popilè a voye jete byen lwen deklarasyon konseye laprezidans lan fè ayè maten nan jounal premye okazyon kote li di prezidan Jovenel Moïse prè pou depoze mandal sou tab la si toutfwa ta gen eleksyon antisipe ki pou òganize nan peyi a

Pou pòt pawol sektè ki rele tèt yo sektè demokratik ak popilè a deklarasyon GABRIEL FORTUNÉ fè a pa kanpe sou anyen paske li gentan two ta pou rive negosye ak chèf leta a
pou kounya pa gen 2 ou 3 kondisyon se pou Jovenel Moïse remèt demisyonl sou pouvwa a

Daprè mèt André Michel mouvman pou dechouke Jovenel Moïse sou pouvwa a pa dwe kanpe nan wout paske se sel mwayen pou rive kwape dilapidè fon petwo karaibe a sou pouvwa
a

Pi lwen òm de lwa felisite popilasyon an kite te reponn prezan an kantite nan manifestasyon 4 otòb 2019 la pou tal mande nasyonzini pa fouye bouch li nan zafè entèn peyi a epi denonse enjerans kò Gwoup la ki jiska prezan kenbe Jovenel Moïse sou pouvwa a

yon lòt bò jounalis konsè nou an poze mèt Andre Michel kesyon sou ouvèti lekòl la ki ta dwe ouvri lendi 7 oktòb 2019 fè konnen li pa konn anyen se popilasyon an ki gen pou deside eske lap toujou kenbe beton an pou fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a

Poun fini nap soulinye manifestasyon an se yon manifestasyon ki  te trennen yon gwo foul moun epi se yon manifestasyon ki pat gen anpil zak vyolans ladann.

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …