AYITI/EDIKASYON: MINISTÈ EDIkASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL MANDE AKTÈ NAN OPOZISYON YO POU BAY TIMOUN YO CHANS YO POU YO KA RETOUNEN LEKÒL.

Yon lòt fwa ankò ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl mande tout aktè konsène yo epi tout fòs viv nasyon an yon ti chans yon fason pou pèmèt elèv yo ak inivèsitè yo rive chita sou ban lekòl demen lendi kap 7 oktòb 2019 la, paske nan anpil peyi nan mond lan kote ki gen lagè ak zak malonèt sa pa anpeche lekol rive fonksyone

Pilwen ministè a fè konnen li nòmal pou chak moun eksprime dwa revandikasyon yo men fè presyon sou lekol pou fèmen pòt yo avan lè yo se yon vyolasyon total

Nan sans sa ministè edikasyon nasyonal mande ajan edikatif yo espesyalman paran yo ak anseyan yo pou akonpanye timoun yo yon fason pou yo rive resevwa pen de lenskrisyon an ki se edikasyon ki pral itil yo demen

Nap raple pou abòne echojounal yo nan kad yon konferans pou la près altènativ konsanyèl la ki regwoupe divès òganizasyon nan opozisyon an te bay jounen samdi 5 oktob 2019 la, anonse pou lendi 7 oktòb 2019 la ke mouvman pou dechouke Jovenel sou pouvwa ap kontinye.

Se poutèt sa jounen sila nan pòtoprens yo kase randevou devan kou de kasyon nan lide pou yal patisipe nan seremoni ouvèti ane jidisyè a kap fèt sou chann mas la kote yo pral mande pou arete tout moun ki gen dwèt yo tranpe nan kòb petwo karibe a epi se pral okazyon pou yo bay lamen ak prezidan repiblik la kap prezan nan seremoni sila.

Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …