AYITI/DWA MOUN:ÒGANIZASYON K’AP DEFANN DWA MOUN YO BÈBÈ LÈ POLISYE YO VIKTIM.

Pou dènye ane sa yo nan peyi Dayiti ensekirite a pa sispann ogmante, kote bandi k’ap fè lalwa nan tout tikwen pa sispann retire lavi moun tankou grenn lapli, okenn klas pa epanye anba pinisyon bandi sa yo.

Òganizasyon kila pou defann dwa tout moun ki vyole pa janm di yon mo pou polisye yo boule, rache e menm tire pandan y’ap bay popilasyon an sèvis, san konte lòt ki viktim lòt zak malonèt.

Polisye yo se sitwayen tankou tout moun, dwa tout moun genyen yo genyenl tou, yo merite pwoteksyon nan men òganizasyon ki di y’ap defann dwa moun paske y’ap ranpli yon travay riske, genyen ki konn fè prèske yon ane deyò san yo pa wè madanm ak pitit yo e menm konn jwenn lamò kite moun sa yo dèyè san sekou.

Òganizasyon dwa moun dwe bay tout sitwayen menm ankadreman san fòs kote paske nou tout gen menm dwa.

Enstitisyon lapolis la se enstitisyon ki plis maltrete, yo viktim de tout difikilte ki genyen nan sosyete a, yo pa touche a lè, politisyen toujou ap eseye mete yo anfas popilasyon an jis pou defann enterè pèsonèl yo.

Lè yon bandi tonbe, ou toujou jwenn moun ki di yap defann dwa moun yo reyaji melanje ak politisyen pou kondane, lè yo arete yon bandi yo mande liberasyon yo voye pye pase bourik.

Lè lapolis fè entèvansyon nan yon zòn kout zam mare ak bandi yon moun tonbe san ankèt lapolis gentan akize nan fè masak yo gentan mande arestasyon polisye yo.

Se vre gen polisye ki pwofite de zam yo ak pouvwa yo pou fè abi sou popilasyon an men se pa rezon pou trete yo tankou bèt nan tout fanmi gen move grenn yo se sèl kò ki legal ki la pou pwoteje epi sèvi popilasyon an.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …