AYITI/JISTIS: YON BILAN MÈG POU TRIBINAL AKEN AN POU ANE JIDISYÈ 2018-2019 LA.

83 zafè sivil, 15 zafè kriminèl, 38 zafè koreksyonèl, 15 zafè an refere, 6 zafè an Habeas corpus ( abeyas kòpous), 32 divòs, 106 moun jwen gras tribinal la, jij yo rann 89 òdonans kloti. Se kantite zafè sa yo tribinal la trete pandan tout ane jidisyè 2018-2019 la.

Doyen Tribinal la mèt Turenne Lapomarède nan diskou l tap fè lendi 7 oktòb la nan okazyon ouvèti tribinal yo rekonèt bilan ane a fèb anpil. Lifè konnen se sitiyasyon malouk peyi a ap konnen tanzantan, evazyon kite fèt nan prizon an nan mwa fevriye pase a kite lakoz 78 prizyone sove, kolaborasyon ki manke ant lapolis ak pakè tribinal la ki lakoz bilan fèb sa. Lifè konnen lapolis gen anpil manda nan menl ki pa janm egzite aloske moun ki akize yo ap mache libe libè anba zye tout moun.

Pilwen administratè tribinal la te tou pwofite egzòte tout jij, komisè, avoka ak tout lòt moun ki nan chèn jidisyè a pou pran responsabilite yo jan lalwa mande sa nan kad travay yo. Li mande yo pou yo respekte lalwa, San fòs kote, San santiman.

jiridiksyon aken an se youn nan jiridiksyon kipi kritike nan peyi a nan fason lajistis ap distribiye ladanl. Anpil peyizan toujou plenyen, pote plent pou anpil jij, komisè elatriye pou enjistis yap fè.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …