AYITI/JISTIS: MÈT MILNÈVE D’HAITI SE NOUVO BATONYE LÒD AVOKA AKEN YO.

Bawo aken an gen yon nouvo batonye. Se Mèt Milnève D’Haïti ki ranplase nan pòs sa mèt Kennedy Berandoive ki pase anviwon 10 lane nan tèt batona a.

Avek 26 vwa sou 40 avoka kite bò kote Mèt D’Haïti ranpòte eleksyon kite fèt nan bawo sa lendi 7 oktòb la. Se ak mèt Bourgolly Emmanuel lite nan kous la.

Nouvo Batonye a nan yon entèvyou lite bay ak radyo Intervalle aprè eleksyon yo di se pou li yon gwo viktwa pou baro a selon li menm ki tap soufri kek tan. Li pwomèt li pral travay pou chanje imaj baro aken an. Li anonse premye aksyonl pral poze se bay ak kòporasyon an yon biro menm jan ak tout lòt seksyon anndan tribinal la.

Pilwen li ankouraje tout avoka ki fè pati kòporasyon an pou travay nan solidarite youn ak lòt yon fason pou gen yon baro kifò.

Nap siyale Nouvo konsèy lòd avoka aken yo konpoze kounya ak Mèt Milnève D’Haïti kòm batonye, mèt Dubé ISAAC sekretè ak mèt Lithan ISAAC kòm trezorye.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …