AYITI/POLITIK: JHON JOEL JOSEPH DI OPOZISYON AN PA PRAN PAWÒL.

Ansyen senatè lwès la ,Jhon Joel Joseph ,ki tap entèveni sou radyo karayib fm yè aprè midi an nan emisyon entèseksyon mande aktè nan opozisyon an piga yal chita dyaloge ak Jovenel Moïse ki gen nonl site 69 fwa nan rapò lakou siperyè dè kont lan epi ki gen nonl site tou nan masak lasalin lan

Antouka Senatè lwès la wè pou kounya sitiyasyon an mangonmen anpil nan men chèf leta kote pi fò moun li te mete espwa sou li yo vire do ba li

Yon lòt bò lidè politik la fè konnen kelkeswa sektè kal chita ap Jovenel pou dyaloge lap konsidere yo kòm moun ki konplis nan tout sap pase andedan peyi a

Pou fini ansyen senatè lespwa mande popilasyon an pou kontinye ak manifestasyon yo epi pou monte barikad yo pi wo yon fason pou yo rive dechouke Jovenel Moïse sou pouvwa a

*Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …