AYITI/MANIFESTASYON: YON BIWO LETA MANKE BOULE ANBA KOLÈ MANIFESTAN YO NAN GONAYIV. .

Manifestan yo nan vil gonayiv tante boule biwo OAVCT a Jounen mèkredi 09 Oktob 2019 la.

Nan kad mouvman leve kanpe kap fèt Nan peyi a depi yon mwa pou rive kapote prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a,vil gonayiv konnen yon aprè midi tansyon kote anpil moun tap kouri nan tout kwen nan sant vil la, yon gwoup manifestan te pran lari nan 5è konsa pou manifeste kont pouvwa an plas la.

Manifestan yo ki te move anpil tap lanse anpil pawol piman bouk kont chef leta a yo te pase nan plizyè ri nan katriyèm vil peyi an kote yo tap tire anpil bal pandan dewouleman manifestasyon an e rive mete dife devan biwo OAVCT a nan site endepandans lan.

Fok nou raple depi madi 08 oktob la manifestan yo ki te move anpil te rive sakaje tribinal premye enstans gonayiv la e tap tante pike dife nan delegasyon latibonit lan sa ki pat rive fèt.

Manifestan yo ki an majorite jèn ki soti nan katye raboto di yap kontinye manifeste jiskaske prezidan Jovenel Moise kite palè nasyonal,fòk nou fè remake nan kad manifestasyon sa yo nou ka remake kèk manifestan ak gwo zam manch long pandan tout manifestasyon an.

Rolguy Docteur

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …