AYITI/ENSEKIRITE: NÈG AK ZAM PRAN YON BIS JEREMI AK TOUT MOUN YO LADANN.

Byen bonè maten jedi 10 oktòb 2019 la bandi nan vilaj de Dye pran bis « Dieu qui decide » ki ta prale Jeremi nan zòn Bisantnè epi rantre avèl nan baz yo.

Bis la ki te gen ladann pou pi piti 49 moun, se yon bis ki fè trajè Jeremi Pòtoprens, apre kèk entèvansyon nan laprès ak anpil negosyasyon de mèt bis « Dieu qui décide » la epi kèk lòt moun bandi yo libere yon kantite moun e kenbe chofè a ak bis la.

Selon enfòmasyon yo bandi yo ta mande 3 san mil (300,000) dola pou ta remèt bis la ak chofè a nan yon premye tan, poko gen enfòmasyon de si se ta lajan ki ta bay ki ta pèmèt yo libere moun ki te nan bis la.

Chofè a ak bis la toujou nan men bandi yo anndan vilaj de Dye selon dènye enfo ki rive jwenn nou.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …