AYITI /INONDASYON: FANMI KI LAGE SAN SEKOU APRÈ INONDASYON KITE FRAPE KOMIN TI GWAV LA MANDE OTORITE YO SOUKE KÒ YO.

Sitiyasyon abitan Tigwav parèt konplike depi aprè inondasyon kite frape vil la nan dat 18 septanm 2019 ki sot pase a, yon inondasyon ki pral retire lavi plizyè moun ,yon ti bebe pami yo san konte 4 moun ki disparèt, sa ki lakòz plis pase 120 moun lage san asistans otorite yo, yon total 82 granmoun, 26 jèn fanm ak gason 12 ti moun ki apènn fèt.

Majistra vil Tigwav la Delors Desgranges fè tande kri li anvè otorite santral yo, pou mande èd pou abitan li yo ki gen plis pase 21 jou ap dòmi leve nan Lise Fosten Soulouk la aprè gwo inondasyon sa.

 

Otè : Mackenson SÉVÈRE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …