Nan twazyèm match gwoup sa Ayiti te dwe resevwa kostarika nan stad nasyonal Sylvio cator an men pwoblèm politik koz ayiti te al resevwa match la nan lakou Bahamas yon match ayisyen yo byen jere depi kòmansman jiska lafen.
Tout aksyon danje yo te fèt bò kote ble e wouj yo toujou tonbe sou yon bon kelò Navas anpil bèl jès teknik kote tou de (2) ekip yo malerezman pat gen gòl yon premye peryòd ki fini (0-0).
Retounen sou tèren apre poz lan ekip kostarika a te pran kontwòl balon an nan 15 premye minit jwèt la José.G.oriitis te bay avantaj la ak tikos yo apre gòl la grenadye yo pran kontwòl match jiskaske li fini.
Anpil chanjman nan kan ayisyen yo retire Desire Jonel monte ak Dickens Nazon ki ta pral chanje fizyomi match lan, depi lè an seleksyon nasyonal ayisyen an gen alan ofansif yo teknisyen kostariken an wè match lan ka chanbade nan menl li fè chanjman a vokasyon defansif lèl retire Joël kanbèl poul rantre ak yon defansè nan lide poul fèmen match li.
Poulen Marck collat yo te oblije tann 10 dènye minit jwèt la pou make gòl egalizasyon an apre yon Gwo jès teknik de Hervé pou mete anvan defansè advès lan santre sou tèt Frantzdy Pierrot depi lè sa se te (1-1) yon gòl ke pierrot enskri nan 82′ pou seleksyon nasyonal la.
Yon ti enfòmasyon sou Ekspatriye nou an se jwè nou genyen ki pi anfòm aktyèlman pou 3 match li make 4 gòl plis yon pas desizif.
Pa bliye pwochen match bikolò an se le 15 mwa sa nan tè Bolivi pou yon match zanmitay.
*OTÈ: JOCELYN COUYOUTE*