AYITI /EKONOMI: MINIS EKONOMI AK FINANS POU TI BOUT TAN AN FÈ KONNEN AYITI AP KONNEN YON KRIZ EKONOMIK DIFISIL.

Nan yon entèvyou minis ekonomi ak finans pou ti bout tan an tap bay ayè jedi 10 oktob 2019 lan sou yon radyo nan kapital la fè konnen se chak jou Bondye mete ekonomi an ap pran kou.

Minis Jouthe Joseph di li pral travay davantaj nan lide pou bay yon repons ak plizyè anplwayè leta ki poko touche mwa septanm ki sot pase a, poliye yo si nap site sa sèlman.

Minis lan fè konnen seri manifestasyon yo nan peyi a ,pou bokou nan sa, akoz ladwàn ki se prinsipal resous leta pou rantre lajan  pa fonksyone sa bay reta nan pewòl la.

Nimewo 1 ministè ekonomi ak finans lan bay garanti yo pral travay pou komanse estope dola ameriken an.

Otè : Mackenson SÉVÈRE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …