ESPÒ/ELIMINATWA KOUP EWOP :CHRISTIANO RONALDO PAT LWEN MAKE « 700ÈM » GÒL LI NAN KARYÈ PWOFESYONÈL LI.

Nan yon match a sans inik Pòtigal malmennen Likzanmbou (3-0).
Nan estadio José Alvalade an nan vil Lisbòn yon match ke pòtigè yo kontwole de kòmansman jiskaske li fini.

Byen bonè nan match la gras ak Bernado silva nan 16 premye minit jwèt la ta pral make pou Pòtigal, apre anpil lòt okazyon te kreye men pat gen lòt gòl jis mitan an fini (1-0).

Soti nan vèstyè pwoteje Fernando Santos yo te oblije tann 20 minit jwèt la pou Christiano agrave eskò an nan 65′ ak yon gòl tèt chaje kote Cr7 rive lobe gadyen advès la.

Teknisyen pòtigè an te opere kèk bon chanjman youn landan yo se lèl ta pral retire Bernado Silva poul rantre avèk Gonzalo Guedes lè sa match la tap jwe 15 dènye minit li pi presi 77′.

Se menm Guedes sa ki ta pral kloure mak la nan fen rankont lan nan 89èm minit yon gòl ki te tou sinonim ak viktwa.

Nan rankont sa si Cr7 te make yon double sa tap fèl 700èm gòl li nan karyè pwofesyonèl li.

Pwochen rankont seleksyon pòtigèz la se semèn pwochen swa lendi kont « Ikrèn » nan peyi ansyen bitè patante Milan AC an, « Andriy Chevtchenko »
atakan Tirinwa a Cr7 li menm pral chèche sètsantyèm (700èm) gòl li nan karyèl.

OTÈ: JOCELYN COUYOUTE*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …