LEMOND/FIY:ÒGANIZASYON ENTÈNASYONAL TI FI YO SELEBRE JOUNEN SILA AN FAVÈ TOUT TI FI KI VIKTIM ANBA TOUT KALTE VYOLANS

Nan okazyon jounen vandredi 11 oktòb 2019 la ki konsakre jounen entènasyonal ti fi yo, divès òganizasyon rive selebre jounen sila nan anpil gwo aktivite yon fason pou mete fi yo an valè epi denonse anpil vyolans yap sibi avan laj majè yo tankou vyolans sektyèl, psikoloji ak vyolans fizik epi fè pledwaye pou pèmèt ti fi yo rive konstwi avni yo jan anpil peyi te siyen yon akò pou pèmèt fiy yo entegre sosyete a

Sepandan gen gwo jefò ki rive fèt pou pèmèt ti fi ak ti gason chita nan menm sal de klas epi pou yon seri disiplin syantifik gason aprann pou ti fi yo rive aprann yo tou

Pou òganizasyon entènasyonal sila yap lite chak jou pou egalite fiy ak ti gason rive egal
epi lite kont plizyè milyon ti fi ki pa gen chans pou chita sou ban lekol

Nap fè konnen nan kad yon etid ki pibliye gen douz milyon ti fi ki gen pipiti 18 tan ki marye,kenz milyon lòt ki sibi de rapò seksyèl fòse epi plizyè milyon lòt pa rive al lekòl

Antouka peyi la frans ankouraje epi mande apwi lòt aktè yo pou pèmèt ti fi yo gen bon aksè ak ledikasyon epi pou sèten gwo metye ki gen rapò ak lasyans fi yo rive ka aprann yo

Pandan jounen senbolik sila peyi la frans manifeste volontel pou plede an favè dwa fi yo epi pou mande òganizasyon sila pou poze de gwo aksyon konkrèt epi pou vini ak de nouvo pwojè ki vize amelyore devlopman sosyal ti fi yo epi pèmèt tifi yo gen bon fòmasyon nan geston ijèn mansyèl yo

Poun fini Nap soulinye sou chak senk ti fi ki gen mond lan gen youn ki viktim vyolans avan laj 15 zan
yon sitiyasyon ki pèmèt òganizasyon entènasyonal ti fi yo ap reflechi yon fason pou pèmèt yo rive frenen zak vyolans sa yo ak zak sektyèl sa yo ti fi yo ap viktim nan

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …