AYITI/PWOTESYON: ATIS YO MENNEN PLIS MOUN NAN MOUVMAN PWOTESTASYON YO PASE OPOZISYON AN.

Atis Izolan nan gwo inisyativ li te pran avèk lòt atis parèy li òganize ayè dimanch 13 Oktòb 2019 la yon gwo kokenn chenn mach nan zòn metwopolitèn nan pou mande prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE remèt pouvwa a.

Anpil atis te bay prezans yo pou mach sa te kapab reyisi pami yo Izolan, Ti Djo Zenny, King Kino, Mathias avèk anpil lòt ankò, malgre anpil lòt pat reponn prezan pou mach la, konsa gen lòt ki aplodi mach la men ki pa chwazi parèt.

Anpil moun bò kote popilasyon an te reponn prezan pou bèl moman sa avèk atis yo, granmoun, jèn, timoun ki sòti nan tout ti kwen nan zòn metwopolitèn nan pou te viv moman fèt sa daprè anpil ladan yo.

Pami zòn aktivite sila te pase n’ap site Channmas, Delma, Petyonvil ak lòt ankò pou mande chèf leta retire prezans li nan tèt peyi a.

Atis yo anonse plizyè lòt mach si prezidan pa ta deside tande yo pou kontinye mandel lage pyel, yon mach ki parèt gen plis moun nan sa opozisyon an gen plizyè semèn ap òganize.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …