ESPÒ/AMIKAL: SELEKSYON NASYONAL  AYISYÈN NAN PA RIVE FÈ VIKTWA. 

Depi apre Gòl kèp la ke Ayiti te soti ak yon bèl pakou san defèt, nan lannwit 15 oktòb 2019 lan nan yon match zanmi tay Bolivi avèk Ayiti an fini anfavè bolivyen yo (3-1).

Apre 12 match san viktwa Bolivi rejwenn gou viktwa lel mal mennen seleksyon nasyonal ayisyèn nan (3-1).
Yon match ki jwe a sans inik se ta pral grenadye yo ki ta pral ouvri mak yo byen bonè nan 22 zyèm minit yo yon gòl ke Avarez te make kont kanl,
sis (6) minit apre seleksyon bolivyèn nan ta pral egalize de fò epi bon mannyè gras ak E.Savedra swa 27′.
10 minit apre ekip resevez lan ta pral agrave eskò an avèk yon lòt gòl ankò de
E.Savedra lè sa nou tap jwe 37 tyèm minit.
Se avèk avantaj sa yo bolivyen yo te rantre nan vèstyè.

Soti nan vesyè balon tap woule anpil jès teknik nan de (2) kan yo, yon ti pwosesyon pou pwoteje Marck collat yo, men yo ta pral wè se se bolivyen yo ki ta pral agrave eskò an avèk Alvarez ki ta pral reprann li nan match lan lel te fin bay tèt li gol lè sa nou tap jwe 11zyèm minit nan dezyèm mitan an swa 56′ nan tout match la.

Bikolò yo te jwe pou wè si yo ta redui mak la epi jwenn egalizasyon an men sa pat fèt, menm si te gen yon gòl pou grenadye yo yon gòl ke abit la te anile.

Kat « 4 » match san viktwa pou ayiti pwochen match seleksyon an se pou 17 Novanm 2019 dènye match nan « LDN KONKAKAF » Kont kostarika yon match nou pa dwe fè erè ditou.

*OTÈ: JOCELYN COUYOUTE*

Kredi foto: Infosport.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …