Ayè  Madi 17 avril 2018 lan, ansyen kandida pou pòs prezidan an Moïse Jean Charles bay yon konferans pou laprès.

Ansyen senatè a anonse pwogramasyon plat fòm lan pandan jou sa yo, li pwofite okazyon poul pale de pakou manifestasyon yo, epi sansibilize tout manm pati plat fòm pitit desalinn yo.

Selon ansyen senatè a yap komanse nan dat k’ap jedi 19 avril 2018 lan nan pòtoprens.
Pakou manifestasyon an : sòti blòk papa desalinn, kafou peyan, bèlè, pou pase pa kafou ayopò , monte dwat sou wout Delma rive delma 75 pou rankontre ak blòk kap desann sòti petyon vil la.

Nan kad manifestasyon an vil provens yo k’ap gen pou touche nan dat
Jedi 26 lan se , okay ,menm jedi a l’ap gen pou touche kèlke seksyon kominal nan depatman sid peyia .Answit lap nan Nò peyi a jou k’ap vandredi 20 avril ki se anivèsè chèf pati plat fòm lan.

Moise jean Charles deklare nan mikro echojounal « o lye de fete ,se viv mobilizasyon ak yon group militan ki nan milo zòn nò peyi a.
pou fini jou k’ap 21 avril la y’ap gen pou kontinye mobilizasyon sa a nan Jeremi « .

Yon lòt kote chef pati a mande depa prezidan an epi kritike Jovenel Moise pou tout gaspiyaj lajan leta ak difikilte pou li bay bon Jan tranperans sou kob petro karibe a.

Aprè tout peripesi jènn yo ap pase andedan peyi a, otorite yo pa janm panse avèk yo,lè ou pase bò èpòt chak jou se yon kaskèt chinwa , parapò kantite jènn k’ap kite peyi a chak jou .
Plede gagote kòb leta san fè anyen serye,
ebyen jounen jodi a se prèske tout pèp la k’ap kriye anba grangou d’aprè ansyen kandida pou pòs Prezidan an Moïse Jean Charles.

 

 

Louis Kervens
Kervenslouis459@gmail.com
Constant Jean Valdonel.

Constantjeanvaldonel@gmail.com

Michel St Louis

KREDI FOTO: NOULIVE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …