AYITI/POLITIK: KAT MOUN KI TE FÈ PATI KOMISYON PREZIDANSYÈL LA LACHE PYE YO.

Aprè konferans prezidan repiblik la te gen ak laprès jounen madi 15 oktòb 2019 la nan jaden palè nasyonal pou te tante eksplike ki sak fè li paka dirije peyi a jan li te swete sa, anpil machwè gonfle kat, (4) nan moun ki te fè pati komisyon ki chaje pou mennen dyalòg lan lache pye yo.

Entèvansyon prezidan repiblik la pa sonnen byen ditou nan zòrèy anpil moun, nan sans sa Kat (4) konseye sa yo ki te fè pati komisyon an estime ke prezidan repiblik la pat gen okenn enterè pou te vinn bay tout detay sa yo ak laprès lè li mete yon komisyon ki pou al travay pou wè koman yo ka pote yon solisyon ak kriz sa kap boulvèse peyi a.

Pou Evens Paul ki se nimewo 1 nan komisyon an ki tap fè yon entèvansyon sou yon radyo nan kapital la fè konnen ke prezidan repiblik la manke lidèchif lè li pa klè nan sal ta di sitou sou de pwen sa yo ki se sistèm ak demisyon.

Nap fè remake malgre prezidan an fin adresel ak nasyon an sa pat anpeche anpil moun kontinye ap egzije san kondisyon depa Jovenel Moïse sou pouvwa a

Moun ki lache pye yo nan komisyon an se mesye Evens Paul, mesye
Josué Pierre Louis, mesye Liné Sainphort Balthazar ak mesye Rodolphe Joasile

Rikenson Fulgeance.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …