AYITI/ENSTALASYON: JEAN OSNER AMISIAL ENSTALE KÒM NOUVO DELEGE DEPATMAN LATIBONIT.

An prezans komisè gouvènman gonayiv lan Mèt Serard Gazius ak dwayèn tribinal premye enstans lan madanm Phonie Charles Nogaisse ,mesye Jean Osner Amisial prete sèman jodi mèkredi 16 Oktòb 2019 lan nan tribinal premye enstans site endepandans lan kòm nouvo reprezantan egzekitif la nan latibonit.

Nan deklarasyon li ak laprès aprè prestasyon sèman an mesye Jean Osner Amisial fè konnen se yon gwo risk li pran nan moman an men moun nan depatman latibonit ka konte sou lidèchip li,pandan l pwomèt li pral travay pou aktivite yo reprann nan vil gonayiv pou lekòl yo louvri pòt yo ak biznis yo e pou administrasyon piblik lan ka rive fonksyone pandan li kwè tout moun gendwa pou proteste de sa ki pa fè yo Byen men fòk sa fèt Nan respè la lwa.

Nap raplew enstalasyon sa a ki te dwe fèt depi Madi 15 Oktòb lan pat rive fèt kote yon gwoup jèn gason nan raboto te anpechel sa ki ta pral lakoz yon afwonteman ant de zòn nan site endepandans lan kote yon gwoup nèg dekawo ki revandike yo kòm pwòch pouvwa a te replike sa ki ta pral koz anpil bal te pete nan vil lan e ki te bay 2 moun pou pi piti te rive blese ak bal.

Nap fèw konnen ke enstalasyon prestasyon sèman nouvo delege latibonit lan te fèt an prezans 7 moun sèlman ak kèk manb nan laprès la ki te prezan e li te dire 1 minit 30 segond.

Rolguy Docteur
Gonayiv

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …