AYITI/SEREMONI: PREZIDAN REPIBLIK LA MANDE YON SAKRIFIS, YON TÈT ANSANM POU KRAZE SISTÈN NAN.

Nan okazyon 213 lane asasina papa nasyon an Jean Jacques Dessalines,  prezidan repiblik la pwofite okazyon sa nan MUPANHA pou pale avèk pèp la jodi 17 oktòb 2019 la, kote li fè konnen se yon gwo jou refleksyon pou pèp Ayisyen konprann byen sa k’ap pase a kote sistèm sa se lèlmi nimewo1 nasyon an pou mete tèt ansanm pou krazel.

Yon lòt fwa chèf leta Ayisyen an Jovenel MOÏSE kontinye lonje dwèt sou sistèm nan ki selon prezidan an ki anpeche pèp Ayisyen an sòti nan twou lamizè li ye apre plizyè syèk malgre zansèt yo te goumen pou retire nasyon an nan esklavaj.

Selon prezidan se sistèm sa ki touye liberatè nasyon an e se menm sistèm sa ki kontinye fè nasyon Ayisyèn nan ap viv nan kras, chak jou se plis povrete sistèm nan ap kreye pandan sistèm nan kontinye vin pi rich e pi pwisan, prezidan di li menm li deside kwape sa paske vi tout Ayisyen dwe chanje tankou vi anpil lòt nasyon.

Pou fini prezidan di yon pati nan popilasyon an pa dwe ekskli pandan yon lòt ap viv tout privilèj yo, menm jan yon pati nan sistèm nan ka jwenn gwo kredi popilasyon an tou dwe gen aksè pou fèl, li pa pè poul kraze sistèm sa ansanm ak popilasyon an paske sistèm sa rive nan dènye bout li, peyi a dwe libere pou tout moun viv alèz san traka pou lòt jenerasyon yo pa peye sa nou fè.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …