ESPÒ/FOUTBÒL /AMIKAL: SELEKSYON U17 LAN MAL MENNEN KLÈB DEPÒTIVO YON KLÈB NAN 4ÈM DIVIZYON PEYI BREZIL.

Seleksyon u17 nou an ki pral patisipe nan mondyal kap jwe pou kategori sa nan peyi brezil, jwe premye match chofe jarèt yo apre de (2) jou nan peyi brezil, yon match ti grenadye yo bat (4-1).

Yon match ke seleksyon nasyonal u17 la te kontwole depi kòmansman jiskaske match la fini.
Premye gòl la te make byen bonè avèk Corlens nan 10zyèm minit, 5 minit apre Aluc ta pral agrave eskò an swa 15 zyèm minit, Corlens ankò ta pral ofri tèt li yon double lèl enskri gòl (3-0) an pou ayiti.

U17 nou an te bezwen sèlman 21 minit pou bat match la.
Se avèk avantaj twa (3) gòl sa bikolò an te rantre nan vèstyè.
Soti sou pelouz klèb depòtivo an te chanje ekip li an nèt 11 ki te jwe premye mitan an pat monte tèren se avèk yon 11 tou nèf li jwe lòt mitan an.

Klèb vizitez la te fè yon ti domine 19 minit nan 2zyèm mitan Yongshou ta pral redwi mak la sou penal lè sa nou tap jwe 64minit nan tout jwèt la, 3 minit apre Loubens ki te ranplase Dany Jean rate yon penalite ki te ka mete nou (4-0) swa 22 zyèm minit nan dezyèm mitan an kise 67 minit nan tout jwèt la. Nan dènye kadè match la Wolf Woodly ak yon Gwo chout deyò kare an bay ayiti viktwa a lè sa nou tap jwe 76 minit match la fini (4-1) pou seleksyon u17 la kap prepare mondyal yo.

Teknisyen an te fè plizyè chanjman apre Corlens te fin soti sou blesi se te Herard ki te raplasese, Pierre fertil te kite plas li pou Woodbens
Marvin te ranplase Emmanuel
Loubens te ranplase Dany Jean.

OTÈ: JOCELYN COUYOUTE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …