AYITI / INONDASYON : KOMISARYA AVÈK PLIZYÈ ZÒN INONDE NAN SITE SOLÈY.

Nan lannwit 17 oktob 2019 la, aprè yon gwo lapli nan plizyè zòn metwopolitèn nan, plizyè katye nan Komin site solèy inonde, nan zòn ki inonde yo nap site : bwa nèf, site jera ak komisarya site solèy la.

Yon sitiyasyon ki difisil pou sitwayen kap viv nan zòn sa yo, Pwojè Dwouya, Bwa nèf, Site Jera ap konnen moman difisil aprè chak ti lapli ki tonbe nan komin nan, se menm kad figi an pou lòt komin ki twouve yo nan zòn metwopolitèn nan tankou, Petyonvil, Dèlma, Kafou fèy ak lòt ankò akoz netwayaj avèk kiraj ki pafèt nan kanal yo.

Meri nan Site Solèy nan gwo difikilte materyèl avèk lajan pou kapab pote solisyon avèk popilasyon an k’ap konnen yon moman tèt chaje apre inondasyon sa.

Otè:Mackenson Sévère

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …