Apre de (2) jounen de (2) viktwa nan 9vyèm ak 10zyèm jounen Lig 2 an koyekipye F.Pierrot yo toujou kenbe bèl seri pa pèdi a nan 11zyèm jounen an.
Soti nan trèv entènasonal la atakan ayisyen an Frantzdi Pierrot pa rive bay klèb li twa (3) pwen an, yon gwo match pou Gengapè yo ak yon balon sou poto plizyè Gwo okazyon rate, yo kontante yo de yon match Nil vyèj (0-0) kay ekip Niort la.
Gras ak grenn pwen sa En avant Guingamp okipe 7tyèm plas la pou yon ti tan nan Lig 2 an avèk 16 pwen, yon plas ke yo okipe premye fwa depi kòmansman sezon an.
*OTÈ : JOCELYN COUYOUTE
Kredi foto: Telegramme.