20 SELEKSYON FANM SENYÒ NAN KARAYIB LA PRAL GEN CHANS PREPARE YO NAN YON KONPETISYON AVAN PREMYE TOU KOUP DIMOND 2019 LA

CFU anonse pandan mwa mas la òganizasyon yon eprèv ant 20 seleksyon feminen senyò nan karayib la, yon konpetisyon ki kreye pou pèmèt ekip ki pat detire janm yo depi 2 lane reprann aktivite yo pou premye tou koup dimond feminen « FIFA France » 2019 lan.

Ayiti ap resevwa vizitè yo soti 5 pou rive 13 me , li nan yon gwoup difisil pwiske grenadye nou yo dwe bat Jamayik ak Trinidad. Tounwa sa pèdi enterè siksesif li avèk fòfè Matinik la, Dominikani redwi tounwa a ak yon match amikal ant Ayiti epi Il vyèj, se mèkredi sa ke kou danvwa a bay nan estad Sylvio Cator a.
Daprè kalandriye CFU pibliye a , Ayiti jwenn gwoup C kel pataje ak sivivan seleksyon sa konpoze de yon gwoup fi leve malgre absans U17 yo nan Nikaragwa antrene pa Stephan Detour, yo ap pase nan eprèv sa apre prèske yon mwa travay.
Yon lis 20 jwè soti pou okazyon sila pami yo, Batcheba Louis ak Iseneda Lebrun, 2 jwè ki te fè prèv yo nan ekip la kote yo te make 17 gòl antre yo sak te pèmèt Ayiti redwi Il vyèj nan lane 2014 ak yon skò(22-0).
Batcheba ak Iseneda make 11 epi 6 gòl. Bon retwouvay sa yo dwe fè vizitè yo pè.

Lis jwè konvoke yo:
Gadyen(2): Jonie Gabriel, Naphtaline Clerméus
Defansè(7): Soveline Beaubrun , Jennifer Limage, Emeline Charles, Naphtalie Lorthé, Rosianne Jean, Johanne Laporte, Kethna Louis.
Milye(6): Phiseline Michel, Magdala Macéan , Iseneda Lebrun, Melissa Dacius, Nadyne Millien, Sherly Jeudy
Atakan(5): Batcheba Louis, Roseline Eloissaint, Nelourde Nicolas, Noemie Ferron, Willinette Memeus.

Staf teknik: Stephan Defour- Bruny Pierre Richard- Pierre Steven Chery- Yvette Félix

Kalandriye gwoup (c) a:
Mèkredi 18 avril – estad Sylvio Cator
Ayiti fas Il vyèj:6è nan aswè
Vandredi 20 avril – estad Sylvio cator
Ayiti fas Il vyèj:6è nan aswè.

Pri match yo se 250 goud tribin, 100 goud graden.

Lisa Ridoré
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …