LEMOND/POLITIK :GOUVÈNMAN CHILI A RETOUNEN SOU DESIZYONL.

Aprè tout yon seri vyolans san parèy ki deklanche nan peyi Chili aprè gouvènman an te pran desizyon pou monte pri gaz la, gouvènman tounen sou desizyon li.

Nan lannwit samdi 20 oktòb 2019 la, gouvènman an pa fè tèt di li oblije tounen sou desizyonl pou rekenbe menm pri gaz la te genyen anvan an.

aprè gwo desizyon sa gouvènman an te pran an kreye anpil gwo panik nan kapital la kote makèt boule piye epi plizyè machin sòti boule anba kòlè manifestan yo

Daprè premye minis peyi a ki kominike anons lan sou rezo sosyo yo fè konnen li te lè li tan pou yon gwo desizyon konsa te rive pran nan peyi a parapò ak zak briganday sa yo ki deklanche nan peyi a.

Pilwen mesye M Pinera envite divès aktè pou vinn chita ansann yon fason pou wete peyi a nan tout pwoblèm ekonomik sa yo lap andire depi plizyè lane epi pou rive pwopoze de nouvo plan pou peyi a.

Mesye Pinera pwofite anonse ap gen yon konsèy dè minis ki pral fèt yon fason pou rive panche sou kriz sa kap ravaje peyi a

Nap raple pandan mouvman leve kanpe sa yo twa moun sòti mouri epi plizyè lè zòt sòti blese e san konte yon santèn polisye ki sòti viktim anba men manifestan yo.

Fulgeance Rikenson

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …