Noth Texas SC chanpyon samedi 19 oktòb 2019 la avèk 56 pwen sou tout sezon an, yon final ki fèt nan prezans 3245 asistan nan Toyota stadium nan kont Greenville Triumph SC an (1-0).
Se Rodriguez Arturo ki fè sel epi inik gòl rankont lan pou bay tit la ak klèb li, yon gòl ki vini byen ta nan jwèt la swa 60 minit nan tout rankont lan, bitè an fini meyè jwè final la.
Jèn atakan ki gen nasyonalite ayisyen an jwe tout rankont lan, li te enpòtan anpil nan viktwa klèb li kont Grenville ki fini sezon an nan twazyèm plas avèk 43 pwen.
Ronaldo Damus ansyen jwè Reyal Hope nan depatman nò peyi ayiti an fini meyè bitè lig la avèk 16 gòl.
*OTÈ: JOCELYN COUYOUTE*