AYITI/EKONOMI: YON OTÈL NAN PETION VILLE DESIDE FÈMEN PÒT LI AKOZ KRIZ LA.

Kriz politik kap ravaje peyi a depi yon bon bout tan gen gwo konsekans sou ekonomi an, otèl Best Western ki chita kò li nan Petion ville nan wout pou fèmen pòt li selon enfòmasyon nou rive jwenn.

Selon yon aksyonè nan Best Western, otèl la ap fèmen pòt li nan fen mwa oktòb la swa 31 oktòb 2019 kap vin la. Responsab otèl yo pran desizyon sa akoz kriz politik la kap ravaje peyi a depi yon bon bout tan e kriz la rive sou yo li afekte kliyantèl yo a.

Depi kriz la demare a moun pa twò frekante otèl la, sak te gen rezèvasyon yo anile yo, e yo gen anplwaye, bil pou peye se rezon sa yo ki ta pouse dirijan Best Western yo fèmen pòt yo selon yon responsab.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …