ANPIL PRESYON AP FÈT SOU PREZIDAN REPIBLIK LA POUL PASE MEN NAN GOUVÈNMAN AN

Depite Francisque De Lacruz ki fè pati de gwoup majoritè a bay prezidan Repiblik la Jovenel Moise 3 jou poul fè pase men nan gouvènman an. Depite a fè konnen si sa pa fèt nan delè a yap konvoke premye minis la.

Prezidan chanm depite Garry Bodeau  a bò kote pal rankontre Dieudonné Lherisson ki se youn nan manm « Platfòm nasyonal sektè popilè a ki pa sispann mande pou fè yon lavaj nan gouvènman an, Dieudonné Lherisson bay premye minis la tout chay mizè popilasyon an ap konnen dènye tan sa yo.

Plizyè gwoup ki reklame tèt yo de PHTK e patizan ki gen nan tèt yo Rosemond Jean mande premye minis la poul remèt demisyon li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/VYÒL: YON MACHANN SOSIS FÈ KADEJAK SOU YON ELÈV 10 LANE NAN TWALÈT LEKÒL LI.

Yon machann sosis, fè kadejak sou yon tifi ki gen sèlman 10 lane nan twalèt …