AYITI/ENSEKIRITE: BANDI YO LIBERE UIT (8) AJAN SEKIRITE YO TE PRAN YO.

Byen bonè maten mèkredi 23 oktòb 2019 la bandi nan Matisan pran yon machin konpayi sekirite « PSS SECURITE » ki te gen ladann sis (6) ajan sekirite ak de (2) chofè epi moute Gran ravin avèk yo selon enfo nou rive jwenn.

Bandi yo ta pral libere uit (8) ajan yo apre anpil negosyasyon men yo kenbe machin nan, selon premye eleman enfo yo bandi yo ta mande lajan pou libere ajan yo. Pa gen okenn enfo sou jan liberasyon yo rive fèt pou konnen si bandi yo ta resevwa kòb yo te mande a, men machin nan ak tout sak te ladann nan men zagoloray yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …