Pou premye fwa depi prè de swasant(60) lane, se pa yon manm nan fanmi Castro kap dirige Kiba.
Miguel Diaz-canel te eli jedi 19 avril sa pa palman an , rezilta vòt la se: 603 sou 604. Nouvo prezidan an angajel jedi sa poul pouswiv revolisyon an, men tou refòm ekonomik kel inisye de moun ki te avanl lan.
Se kòt a kòt ke Miguel Diaz-Canel ak Raul Castro rantre nan chanm depite yo, yon senbòl kontinite , jan nouvo prezidan an te souliyel la nan diskoul lan:<< Pandan legislati sa, pa gen kesyon tante yon restorasyon kapitalis, kel deklare devan depite yo. Legislati sa pral defann revolisyon an epi pouswiv pèfeksyonman sosyalis la.>>
Moun ki depi trant (30) lane ki te monte tout echèl pati kominis kiben a te klè lèl tap fè premye diskoul antanke prezidan an: eritaj frè Castro yo ap toujou alfa epi omega nan politik peyi Kiba a.
Raul Castro ret dayè sekretè jeneral pati tou pwisan an jiska lane 2021.
<< Pou fè fas ak difikilte ke nap konfwonte nan nivo nasyonal la , li enpòtan poun souliye ke priyorite yo te defini epi enskri nan dokiman ke setyèm kongrè pati a te aksepte , palman an soutnil tou>> , souliye nouvo prezidan kiben an.
Kèk dokiman ki fikse k
jiska lane 2030.
Miguel Diaz-Canel ap kontinye refòm ekonomik lan dapre predesesè li.
Sou kèk refòm ke popilasyon kiben an ap tann li .
Nouvo prezidan an dayè chèche byn vit konvenk kiben yo, li afime ke yo te gen tt plas yo nan pwosesis sa.
Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)4498-77-60