Anbasad peyi Etazini soti yon nòt pou mande aktè politik yo nan lakou peyi Dayiti pran chimen dyalòg prese prese e san kondisyon pou rezoud kriz kap ravaje peyi a depi yon bon bout tan.
Nòt sila vini Touswit apre yon twit ansyen vis prezidan peyi Etazini an Joe Biden kote li kritike prezidan ameriken an Donald Trump ki pa fè anyen pou rezoud kriz la nan peyi Dayiti. Nan nòt sa otorite ameriken yo mande pou aktè politik yo chita ansanm nan yon tan ki pa twò long pou mete gouvènman kanpe san kondisyon ki pou reponn ak soufrans pèp ayisyen an.
— U.S. Embassy Haiti (@USEmbassyHaiti) October 24, 2019
Yon nòt ki soti an kreyòl epi nan lang fransè kote peyi Etazini kontinye ap mande dyalòg nan mitan aktè politik yo.