AYITI/ENSEKIRITE: NÈG NAN RABOTO MARE KOUT ZAM AK LAPOLIS NAN VIL GONAYIV.

Byen bonè maten Jedi 24 Oktòb 2019 la yon gwoup manifestan ki soti nan raboto ki tap mobilize pou pran lari an pou manifeste kont chèf leta a Jovenel Moïse tap twoke kout zam ak la polis nan sant vil gonayiv la.

Yon sitiyasyon ki parèt konplike depi kèk jou ki ap devlope depi plizyè jou nan divès ri nan site endepandans lan te oblije ti machan yo al refige yo nan do komisarya gonayiv la pandan yo kritike otorite yo nan vil la ki kite sitiyasyon sa a twò dire nan katriyèm vil peyi a.

Yon lòt kote gen yon gwoup anseyan ki te manifeste nan vil gonayiv pou egzije prezidan repiblik la kite pouvwa a paske yo fè konnen ak Prezidan Jovenel ouvèti lekòl lan pap ka posib nan vil lan, nap raplew pwofesè yo ki tap manifeste te lanse anpil pawòl piman bouk kont madan prezidan an sa ke Didier Pierre ki se responsab anseyan yo nan latibonit te deplore pandan tout manifestasyon an.

Fòk nou fè remake pandan manifestasyon sa a te gen Kèk kote nan vil lan ki te bloke ak barikad ki te fèt an majorite ak gwo pil fatra nan divès kwen nan site endepandans lan.

Docteur Rolguy

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …