ESPÒ/SERI A: INTER MILAN PA RIVE FÈ VIKTWA SOU EKIP PARME NAN.

Inter pa pwofite movèz pèfòmans ekip Juventus la pou pran tèt klasman chanpyona a nan lakou peyi Itali.

Wikenn sa chanpyona italyen an tap jwe Nevyèm jounenl inter de Milan tap resevwa Parme nan Guiseppe meazza a yon match ki fini Nil (2-2).

Yon Gwo pèfòmans de Antonio Candreva ki bitè epi pasè pèmèt enteris yo rache pwen Nil lan nan katye general yo.
Pwoteje Conte yo ta pral jwenn chemen file avèk Candreva nan 23′.
Pwoteje D’Aversa yo ta pral egalize byen vit swa 3 minit apre pou (1-1). Kat (4) minit apre Yann karamoh ki te egalize pou ekip vizitez la bay yon pas desizif pou Gervinho lè sa match la tap jwe trantyèm (30èm) minit.
Pamezyen yo te rantre nan vèstyè avèk avantaj eskò an premye peryod la fini (1-2) anfavè Parme.

Soti nan vèstyè pou dezyèm mitan an enteris yo te dwe egalize apre pou make yon lòt gòl pou yo ta wè si yo ta pran tèt klasman an aprè match nul juventus ki te jwe byen bonè nan maten kont Lecce (1-1).

Sa pat pran tan apre 6 minit nan 2em peryod la Romelu Lukaku ta pral egalize pou klèb li apre yon bèl kavya de Candreva nan 51′.

Yon match Nil ki pa bon pou yo paske yo te espere yon viktwa pou te detwone vyèy dam nan ki toujou gen (1) pwen anplis yo.
Apre jounen an malgre movèz soti juventus li toujou ap mennen chanpyona a avèk 23 pwen inter dezyèm avèk 22 pwen.

Pwochen match enteris yo se ap kont Brescia an deplasman, Tirinwa yo ap resevwa Genoa nan juventus stadium nan.

*OTÈ: JOCELYN COUYOUTE*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …