AYITI/NÒT: ANBASAD PEYI ETAZINI SOTI YON LÒT NÒT POU KONDANE ZAK LATWOUBLAY YO.

Anbasad peyi Etazini soti yon lòt nòt dimanch 27 oktòb 2019 la kote li kondane krim kap fèt nan peyi kote moun ap tire sou moun, moun pa ka soti pou al regle aktivite yo, dife kap mete nan biznis moun pou site sa yo.

Nan nòt la peyi Etazini fè konnen li rekonèt dwa pèp la genyen pou manifeste nan lapè san kraze brize pou fè tande vwa yo, kote li apiye dwa yo genyen tou pou mande yon lavi miyò men pou sa rive fèt se nan yon chita pale ant aktè yo. Nòt sa ki soti nan twa (3) lang anglè, fransè ak kreyòl.

Nap raple manifestasyon 27 oktòb 2019 la konnen anpil dega kote pou pi piti de (2) moun pèdi lavi yo nan Pòtoprens, plizyè biznis pase anba dife tankou restoran Coin 95, manifestan yo te tante mete dife devan anbasad Kanada, Richard Store, banj pou site sa yo.

Nòt la ki mande ak aktè yo pou jwenn yon antant prese prese pou popilasyon ka rale yon sou souf nan kriz sa ki dire twòp.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …