ESPÒ/ KOPA AMERIKA 2020 : KONMEBÒL METE LOGO KONPETISYON AN DEYÒ AVEK PREZANS NON DE (2 ) PEYI ÒGANIZATÈ YO LADAN’L AJANTIN AK KOLONBI.

Soti 12 jen pou rive 12 jiyè 2020, se pral 47èm edisyon kopa amerika kab genyen pou fèt nan 2 peyi Ajantin ak Kolonbi, avèk patisipasyon 12 ekip nan zòn la ak 2 envite kise: Ostrali ak Kata,se pral premyè patisipasyon ekip Ostralyèn lan poutan ekip Katatyèn lan pran konnen dezyèm patisipasyon aprè’l ta pral finn patiskpe nan 46èm edisyon an nan peyi Brezil.

A pati 47èm edisyon KONMEBÒL deside òganize kopa amerika a nan ane pè yo,sa ki pral pèmèt kopa amerika a fèt nan menm lane ak koup vye kontinan an (koup dewo) yo.

Se 9 vil ki pral resevwa konpetisyon an 5 vil nan peyi Ajantin , 4 vil nan peyi kolonbi se 9 avril 2019, ki sòt pase a, peyi òganizatè yo ta pral devwale non vil yo. Ajentin ta pral anonse 5 vil li yo : Santiago del Estero,  Córdoba, Mendoza, Buenos Aires ak Avellaneda
Vil peyi Kolonbi yo se :Barranquilla
, Medellín, Bogotá ak Cali.

Pou rapèl : Se Brezil ki ta pral chanpyon 46èm edisyon kopa amerika a sou ekip Pewouvyèn lan 3-1 nan final,konpetisyon ki te fèt lakay yo.

Otè : Mackensonsevere92@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …