AYITI/LANG KREYÒL: PÈP AYISYEN SANBLE BLIYE JOUNEN SELEBRASYON LANG KREYÒL LA NAN LEMOND

Kreyòl yon lang ki konekte pèp Ayisyen an, malgre anpil moun pa sispann pasel anba pye devan anpil lòt lang, sitou nan lekòl yo avèk nan enstitisyon yo nan peyi Dayiti, kote yo pa sispann devalorize kreyòl la pou bay lòt lang plis enpòtans, yon lang anpil lòt peyi sou latè pale spesyalman nan kontinan amerik la nan anpil peyi ki chita kò yo nan rejyon karayib la, ap selebre jounen lang Kreyòl pou jounen 28 Oktòb 2019 la nan lajwa avèk la kontantman.

Yon jounen selebrasyon pèp Ayisyen an sanble bliye nan ajandal, akoz peyi a pa sispann depafini anba twoub sosyo-ekonomik ak politik ki divize peyi Dayiti an plizyè ti mòso, kote pèsòn pako janm ka raple yo vrè idantite yo kòm pèp, yon jounen ki ta vle di anpil nan peyi Dayiti daprè listwa apre imilyasyon kolon blan avèk milat te ba nou pou te kenbe nou nan chèn lesklavaj.

Menm jan tout nasyon ki pale Kreyòl ki pa sispann fyè de li avèk valozirel se menm jan pèp Ayisyen an kote pal ta dwe fyè de jou sa, avèk lang Kreyòl la jèn ki lekòl avèk jèn k’ap aprann yon pwofesyon kapab santi yo pi alèz jan fòmatè yo ap fòme yo.

Yon peyi ki fòme pèp li nan lang li se yon peyi ki pi soude nan rezilta li dwe bay nan chimen devlopman dirab, pa gen meyè kote yon moun ka aprann ke nan lang manmanl avèk papal, nan peyi Etazini nan zòn Maryland, fete jounen lang kreyòl la sou tèm « Ann bay Kreyòl la jarèt » pou pèmèt moun ekri avèk pale Kreyòl la pi byen.

Echojounal yon medya an liy ki chita kòl nan peyi Dayiti ki pa janm bouke fè pwomosyon pou lang Kreyòl la, lè li deside bay tout enfòmasyon avèk fòmasyon li yo an Kreyòl, swete anpil lòt patnè fèl pou yo kapab fè Kreyòl la vin lang « Wa an nou ».

Echojounal ap swete tout Ayisyen yon bon selebrasyon jounen lang Kreyòl la e swete tout Ayisyen mete tèt ansanm pou valozire lang Kreyòl la pi plis paske li se rasin tout Ayisyen nan mond lan.

Men anpil, chay pa lou. Dèyè mòn gen mòn. Joumou pa donnen kalbas. Kabrit gade je mèt kay anvan li antre. Pi bonè se granm maten. Se nan chimen jennen yo kenbe chwal malen. Bèt kat pat pa kouri nan kat chimen. Lakay se lakay. Ak bèl pwovèb sa yo nap swete tout moun yon demen miyò.

 

Otè: Jemsley JOSEPH

Gmail: josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …