AYITI/ENSEKIRITE: DE POLISYE PRAN BAL NAN RETIRE BARIKAD.

Granm maten lendi 28 oktòb 2019 la nan zòn Tòsèl de (2) polisye blese anba bal moun kap bloke lari yo.

Selon enfo ki rive jwenn nou polisye yo tap bay yon kamyon lodè sekirite epi yal tonbe sou yon barikad nan fè tantativ pou kamyon lodè pase mèt barikad yo ouvri katouch sou yo ak kout wòch epi boutèy. Tou de polisye yo pran bal nan pye epi chofè kamyon an blese nan tèt anba woch ak boutèy.

Polisye yo ki pat reyaji nan moman atak la ap pran swen sou kabann lopital.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …