AYITI/DIFAMASYON: KETAU JEAN LOUIS DENONSE ENFOMASYON KI TA FÈ KWÈ LI ABIYE AN POLISYE POU TIRE SOU MOUN KAP MANIFESTE YO.

Ketau Jean louis anpil moun konnen sou non (Ketau ti Jovenel) denonse enfomasyon kap fè vire won sou rezo a ki ta fè kwè li abiye an polisye pou al simen dèy nan mitan moun kap manifeste nan lari a

Sitwayen an fè konnen li se yon patizan zele pouvwa an plas la men li patap janm tire sou moun kap manifeste nan lari an pandan li konnen se yon dwa konstitisyon an bay

Ketau Jean louis ale pi lwen pou fè konnen moun ki fabrike enfomasyon sila, se yon moun kap chache detwil pou pozisyon politik li epi fè konnen enterèl se pa prezidan Jovenel Moïse se Ayiti se rezon sa ki fèl metel bo kote prezidan repiblik la paske li wè se yon moun ki vle travay pou byennèt popilasyon an

Pou fini nap raple se pa premye fwa ketau Jean Louis ap sibi anba menm moun ki anfas pouvwa a nan lane 2018 yon gwoup moun te agresel fizikman.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …