GWO KÈ SOTE NAN MITAN DIRIJAN PSG YO POU NEYMAR KI PA TA VLE RETE NAN KLÈB LA ANKÒ

Feyton neymar retounen pou pibèl, vandredi 20 avril 2018 lan laprès panyòl pibliye enfòmasyon tou frèch sou lavni sipèsta brezilyen an nan Paris Saint Germain.
Esplikasyon.
Neymar enkyete PSG…
Neymar enkyete PSG…

Paris Saint Germain ap tann Neymar retounen, aprè li fin opere nan 5è metatas pye dwat li. Poutan a 26 ans brezilyen an fè gwo tit nan laprès panyòl. Marca afiche sipèsta nan tèt aktyalitel avèk yon tit san parèy:<< PSG kòmanse pafye neymar>> . << yo komanse sispèk li lefè kel te mande poul tale nan ete sa >>, jounal espòtif la te presize sa.

El pais al pi lwen << Neymar defye Paris S. G >>, yon pwòch Paris site sa. << sèl bagay sipèsta rete poul fè se anonse PSG kel li prale >> yon sous anonim avwe sa epi konsidere ke nimero 10 seleçao deja montre siy atachman pou ekip kapital lan.

Si Neymar vle kite parc des princes lan ete sa, fòk li jwenn yon teren antant avèk direksyon PSG a, ki vrèman di nan zafè.

Paris Saint Germain montre sa deja nan dosye ( Marco verratti, Angel Dimaria, Javier Pastore), esplike El Pais. Pou Neymar ale pi fasil li ta dwe tann septanm. Poukisa ?

Repons lan senp. El Pais asire ke apati 1 septanm yon kloz liberatwa ap aktive nan kontra krak la. Yon kloz ki toujou daprè jounal la, kap siperyè ak 300 milyon € . Se la real ap ka rantre nan koze a . Daprè Marca epi El Pais Real pa abandone dosye ansyen blaugrana.

Steeve Ridoré

ridoresteeve@Gmail.com

(+509) 3178-98-79

 

 

 

Kredi foto: Top Mercato

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …