ESPÒ//LIGA SANTANDÈ: LEVANTE MAL MENNEN FC BASELÒN NAN.

Chanpyona Espay la jwe 12èm jounen li pandan wikenn nan Levante tap resevwa FC.Baselone yon match ki fini nan avantaj ekip ki tap resevwa a.

Yon march ki te kenbe pwomès li nan tout premye mitan an se te Lionel Andres Messi ki te ouvè eskò an nan fen premye mitan an swa (38′) nan jwèt la, mitan an te fini konsa nan avantaj baselonè yo.

Apre poz la pwoteje Paco Lopez yo tap bezwen (8′) pou genyen match la nan entèval sa, yo make twa (3) gol pou bat blanwograna yo (3-1).
Se José Campana ki te egalize nan 61′ jwèt la, 3 minit apre Mayoral bay avantaj la ak ekip li (2-1) swa 64èm mini, Nemanja Radoja ta pral mete fen nan fèt la lèl make gòl viktwa a pou levante depi lè sa se te (3-1). Pwoteje Ernesto Valverde yo te nan obligasyon pou make 2 gòl pou wè si ya fè Nil lan. Yon bagay ki pat janm rive jiskaske match la fini.

Malgre movèz pèfòmans blanwograna yo ni Real Madrid ni Atletiko Madrid ni valence pa pwofite pou pran kòmand chanpyona a, mezon blanch lan fè nil vyèj avèk Real betis (0-0),
Seviyen yo antann yo avèk koltyinewos yo (1-1).

Pwochen jounen an ap jwe wikenn pwochen Real Madrid vs Levante
Atletiko Madrid vs Espanyòl.
Baselòn vs Celta Vigo.

OTÈ : JOCELYN COUYOUTE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …